TSK

TSK · Deuteronomy 27:10

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Koulye a, nou menm pèp Izrayèl, men sa Seyè a, Bondye nou an, mande nou: Se pou nou gen krentif pou Seyè a, Bondye nou an. Se pou nou swiv chemen li mete devan nou an. Se pou nou renmen l'. Se pou nou sèvi l' ak tout kè nou ak tout nanm nou.

Se nou menm ki te wè ak je nou tout gwo mèvèy sa yo Seyè a te fè.

Jòdi a tou, Seyè a te asepte nou pou pèp li renmen anpil la, jan l' te fè nou pwomès la. Epi li pase nou lòd pou nou fè tou sa l'a mande nou fè.

Micah 6:8 TSK

Y'a reponn li: Non monchè. Seyè a te moutre ou sa ki byen. Tou sa li mande ou, se pou ou fè sa ki dwat, se pou ou gen kè sansib nan tout sa w'ap fè, se pou ou mache san lògèy devan li.

¶ Se sa ki fè, men sa m'ap di nou, men sa m'ap deklare nou nan non Seyè a: Sispann viv tankou moun ki pa konn Bondye epi k'ap swiv lide pa yo ki pa vo anyen.

¶ Se poutèt sa, menm jan Kris la te soufri nan kò li, nou menm tou se pou nou pare pou n' soufri menm jan an tou. Paske, lè yon moun soufri nan kò li, li pa gen anyen pou l' wè ak peche ankò.