TSK

TSK · Deuteronomy 28:45

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Se va benediksyon pou nou si nou swiv tout kòmandman Seyè a, Bondye nou an, kòmandman mwen ban nou jòdi a.

¶ Men tou, si nou pa koute Seyè a, Bondye nou an, si nou pa fè tou sa mwen ban nou lòd fè jòdi a, si nou pa swiv regleman mwen ban nou yo, men madichon l'ap ban nou epi k'ap tonbe sou nou:

Se poutèt sa Seyè a vire do bay dènye moun nan ras Izrayèl la. Li fè yo wont, li lage yo nan men yon bann piyajè, jouk li wete yo devan je l'.

¶ Malè ap pousib moun k'ap fè sa ki mal. Men, moun ki mache dwat ap jwenn bon rekonpans.

Sèvitè m' yo va fè fèt tèlman y'a kontan, men nou menm n'a plenn, n'a gen kè sere, n'a rele, kè nou va kase.

Mwen pral mennen yon sèl malè sou yo. Tout lòt nasyon ki sou latè a pral tranble lè y'a wè sa. Moun pral pase yo nan betiz, yo pral rakonte istwa sou yo. Yo pral mete yo nan chante. Y'ap pran non yo pou sèvi jouman, pou bay madichon nan tout peyi kote mwen pral gaye yo.

Batay nan tout lari! Maladi ak grangou nan tout kay! Moun ki andeyò nan jaden yo pral mouri nan lagè. Moun ki anndan lavil la, grangou ak maladi pral fini ak yo.