TSK

TSK · Deuteronomy 29:9

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Se pa t' avèk zansèt nou yo sèlman Seyè a te pase kontra a, men avèk nou menm tou, nou tout k'ap viv isit la jòdi a.

N'a sanble tout moun, fanm kou gason, timoun kou granmoun, ansanm ak moun lòt nasyon k'ap viv nan lavil nou yo, pou yo ka tande l', pou yo ka aprann gen krentif pou Seyè a, Bondye nou an, pou yo kenbe lalwa a, epi pou yo fè tou sa ki ladan l'.

Jozye li tout kòmandman Moyiz te bay yo san sote yon mo devan tout pèp Izrayèl la ki te reyini ansanm ak fanm yo, timoun yo ak tout moun lòt nasyon ki t'ap viv nan mitan yo.

Se pou ou fè tou sa Seyè a, Bondye ou la, va ba ou lòd fè. W'a fè volonte Bondye, w'a mache dapre lòd, kòmandman, regleman ak prensip li bay yo jan sa ekri nan liv Lalwa Moyiz la, pou tout zafè ou mache byen kote ou pase, nan tou sa w'ap fè.

Moun ki kenbe kontra li fe ak yo a, moun ki obeyi kòmandman l' yo, li fè yo wè jan li renmen yo, jan li p'ap janm lage yo.

¶ Men sa Seyè a di pèp li a: -Se pou nou fè sa ki dwat. Pa fè lenjistis. Paske mwen pa lwen vin delivre nou, mwen pa lwen fè nou konnen jan m'ap pran defans nou.

Y'ap mande chemen pou y' al mòn Siyon, y'ap pran chemen an ale. Yo pral siyen yon kontra ak Seyè a, yon kontra k'ap la pou tout tan, yon kontra yo p'ap janm bliye.

Men sa m'ap mande Bondye pou nou, li menm ki te fè Jezi, Gran Gadò mouton yo, leve soti vivan pami mò yo. Jezi se Seyè nou an ki te mouri pou l' te ka siyen kontra ki la pou tout tan an ak san li.