TSK

TSK · Deuteronomy 33:21

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Yo pwoche bò Moyiz, yo di l' konsa: -Pou konmanse, nou ta renmen moute kloti ak wòch pou fèmen pak bèt nou yo, epi nou ta renmen bati lavil ak ranpa pou pitit nou yo.

Premye moun ki te janbe lòt bòt larivyè a, devan tout pèp la se te gason branch fanmi Woubenn yo, gason branch fanmi Gad yo ak mwatye nan gason branch fanmi Manase yo, jan Moyiz te di yo a. Yo te tou pare pou fè lagè.

-Lwanj pou Seyè a, lè moun pèp Izrayèl yo soti pou yo goumen, lè pèp la pote tèt li ak kè kontan pou fè lagè!