TSK

TSK · Deuteronomy 33:5

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Men wa ki te gouvènen peyi Edon an, anvan te gen ankenn wa pou gouvènen pèp Izrayèl la.

Lè yo gen kont, yo vin jwenn mwen, mwen regle sa pou yo, mwen fè yo konnen volonte Bondye ak sa Bondye mande yo pou yo fè.

Ou fin fè nou kite yon bon ti peyi kote lèt ak siwo myèl t'ap koule tankou dlo, ou mennen nou vin mouri isit nan dezè a, epi koulye a ou vle pran pòz chèf ou sou nou ankò!

¶ Pitit Jakòb yo manje plen vant yo! Yo vin gra, y'ap pete nan po yo, yo konmanse voye pye. Yo voye Bondye ki te fè yo a jete. Yo vire do bay Bondye ki t'ap pwoteje yo a, Bondye ki te delivre yo a.

¶ Apre sa, moun pèp Izrayèl yo di Jedeyon konsa: -Se pou ou vin chèf sou nou, ou menm, pitit ou ak pitit pitit ou apre ou. Paske ou delivre nou anba men moun Madyan yo.

Nan tan sa a, pa t' gen wa nan peyi Izrayèl la. Chak moun t'ap fè sa yo pito.