TSK

TSK · Deuteronomy 4:36

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Seyè a di Moyiz: -M'ap vin jwenn ou nan yon gwo nwaj byen pwès. Konsa pèp la va tande lè m'ap pale avè ou, y'a toujou kwè nan ou. Moyiz rakonte Seyè a sa pèp la te reponn.

Twonpèt la t'ap kònen pi fò toujou. Moyiz t'ap pale, Bondye t'ap reponn li byen fò avèk yon bri ou ta di yon bri loraj.

¶ Seyè a di Moyiz: -Men sa pou ou di moun pèp Izrayèl yo: Nou wè ki jan mwen ret nan syèl la pou m' pale ak nou.

Seyè a rete nan mitan dife a li pale ak nou. Se bri bouch li ase nou te tande ap pale.

Eske janm gen yon pèp ki te tande Bondye rete nan mitan dife pou pale ak yo, jan nou menm nou te tande l' la, epi ki pa mouri apre sa?

¶ Nou pa t' pwoche bò kot yon bagay nou ka manyen tankou pèp Izrayèl la ki te pwoche bò kot Mòn Sinayi a. Sou mòn sa a te gen yon gwo dife ansanm ak yon fènwa ki pa t' piti, te gen yon bann bagay tou pou fè moun pè. Yon gwo van tanpèt t'ap soufle sou mòn lan.