TSK

TSK · Deuteronomy 4:5

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Se pou nou kenbe lòd mwen ban nou yo. Piga nou kwaze de zannimo ki pa menm kalite. Piga nou plante de kalite plant anmenmtan nan jaden nou. Piga nou mete sou nou rad depaman.

Se pou nou swiv tout lòd ak tout kòmandman mwen ban nou jòdi a. Konsa, ni nou menm, ni tout pitit nou yo apre nou, n'a viv lontan ak kè kontan nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou pou rele nou pa nou pou tout tan.

¶ Koulye a, men kòmandman, lòd ak prensip Seyè a, Bondye nou an, te mande pou yo moutre nou, pou nou te ka swiv yo nan peyi kote nou pral antre pou nou pran pou nou an.

Veye kò nou pou nou pa janm bliye Seyè a, Bondye nou an, pou nou pa janm neglije kòmandman, lòd ak prensip m'ap ban nou jòdi a.

Koulye a, mwen pral moutre ou tout pawòl sa yo, ou menm tou, pou ou ka mete konfyans ou nan Seyè a.

Mwen ba yo lòd mwen, mwen fè yo konnen prensip mwen yo, prensip ki bay lavi depi yon moun swiv yo.

Mwen fè nou konnen tout plan travay Bondye a san m' pa kache nou anyen.

Bagay mwen te moutre nou, se sa mwen menm mwen te resevwa. Se yo menm ki pi konsekan. Men yo: Kris te mouri pou peche nou, dapre sa ki ekri nan Liv la.

Moyiz te fè travay li byen nan tout kò kay Bondye a. Li te yon senp sèvitè ki te la pou pale sou bagay Bondye tapral di pita.