TSK

TSK · Deuteronomy 5:2

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Koulye a menm, si nou koute sa mwen di nou, si nou kenbe kontra mwen an, se nou menm m'ap chwazi pou moun pa m' nan mitan tout pèp ki sou latè. Tout latè se pou mwen, se vre.

¶ Seyè a reponn: -Mwen pral fè yon kontra avèk nou. Devan tout pèp la, mwen pral fè gwo bèl bagay, bèl bagay ankenn peyi sou latè ni ankenn nasyon poko janm wè. Konsa, tout pèp ki avè ou yo pral wè travay Seyè a ka fè, paske mwen pral sèvi avè ou pou m' fè yon bagay estraòdinè.

Seyè a te fè nou konnen kontra li te pase ak nou an. Li mande nou pou nou kenbe l'. Li te ekri dis kòmandman yo sou de wòch plat yo, li mande pou nou swiv yo.

Seyè a te pase yon kontra ak pitit Jakòb yo, li te ba yo lòd sa a: Pa sèvi lòt bondye, pa mete jenou atè devan yo. Pa fè sèvis pou yo, pa ofri ankenn bèt pou touye pou yo.

-Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Mwen te pase yon kontra avèk zansèt nou yo lè mwen te fè yo soti kite peyi Lejip kote yo te esklav la. Mwen te di yo:

Premye bagay Moyiz te fè, li te li tout kòmandman yo bay pèp la, jan sa ye nan lalwa a. Apre sa, li pran san ti towo bèf yo ak san bouk kabrit yo, li mele l' ak dlo, li pran yon branch izòp ak yon moso lenn wouj, li wouze Liv lalwa a ansanm ak tout pèp la avèk melanj la.