TSK

TSK · Deuteronomy 7:2

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Si yon moun ofri bèt pou yo touye pou lòt bondye pase Seyè a, se pou yo disparèt li tankou bèt y'ap ofri bay Bondye.

Pran prekosyon nou pou nou pa antre nan ankenn konfyolo ak moun ki rete nan peyi kote nou prale a, paske sa ka tounen yon pèlen pou nou.

Lè sa a, moun pèp Izrayèl yo fè yon ve bay Seyè a, yo di konsa: -Si ou lage moun sa yo nan men nou, n'ap mete yo tout apa pou ou ansanm ak tout lavil yo. N'ap detwi yo nèt.

Se konsa Seyè a, Bondye nou an, te lage Og, wa peyi Bazan an, nan men nou ansanm ak tout pèp li a. Nou touye yo tout. Nou pa kite pesonn chape.

Enben, koulye a, nou pral konnen se Seyè a, Bondye nou an, ki pral pran devan nou. Tankou yon gwo dife k'ap boule tou sa li kontre, li pral disparèt yo chak fwa n'a jwenn yo sou wout nou. Li pral fè yo bese tèt devan nou. Se konsa n'a pran peyi a nan men yo, n'a disparèt yo la pou la jan Seyè a te di l' la.

Okontrè, se pou nou touye l'. Premye moun ki pou leve men sou li pou touye l' ak koutwòch se va nou menm. Apre sa, n'a kite lòt moun vin ede nou touye l'.

Men, lè nou pran yon lavil ki nan limit peyi Seyè a ap ban nou pou nou rete a, se pou nou touye tou sa ki vivan ladan l'.

Seyè a pral lage yo nan men nou. Lè sa a, se pou nou aji avèk yo jan Seyè a te ban nou lòd aji ak yo a.

¶ Nou pral ofri lavil la ak tou sa ki ladan l' tankou yon ofrann pou Bondye. Nou pral touye dènye moun ki ladan l'. Sèl moun ki va rete vivan, se va Rarab, jennès la, ak tout moun ki va lakay li, paske li te kache mesaje nou te voye yo.

Moun Izrayèl yo kouri dèyè lènmi yo nan tout mòn yo ak nan tout dezè a. Lè yo fin touye tout, yo tounen lavil Ayi, epi yo touye tout moun ki te ladan l'.

Men, moun pèp Izrayèl yo pa t' ka touye yo, paske chèf moun Izrayèl yo te fè sèman ba yo nan non Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, yo p'ap fè yo anyen. Lè sa a, tout pèp Izrayèl la t'ap bougonnen sou do chèf yo pou sa.

Lè yo mennen wa yo ba li, Jozye rele tout gason nan pèp Izrayèl la, epi li di chèf ki te avè l' yo: -Vini non! Mete pye nou sou kou wa sa yo! Yo pwoche vre, yo mete pye yo sou kou wa yo.

Seyè a lage lavil la ansanm ak tout wa a nan men moun pèp Izrayèl yo. Yo touye dènye moun ak dènye bèt ki te nan lavil la san yo pa kite anyen chape. Li fè wa a menm sa li fè wa Jeriko a.

Se konsa Jozye te fè tout peyi a soumèt devan li. Li te kraze tout wa yo, kit sa ki t'ap gouvènen nan mòn yo ak nan Negèv la, kit sa ki t'ap gouvènen nan plenn yo ak sou ti mòn yo. Li pa kite yon moun chape. Li touye dènye moun, dènye bèt tankou yon ofrann pou Seyè a, jan Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, te ba li lòd fè a.

Seyè a lage yo nan men pèp Izrayèl la: sòlda pèp Izrayèl yo bat yo byen bat. Yo kouri dèyè yo jouk Gwo Sidon ak Misrefòt sou bò nò, jouk Fon Mispa sou bò solèy leve. Yo bat yo nèt, yo pa kite yonn ladan yo chape.

Jozye pran tout lavil yo ansanm ak wa yo. Epi li fè touye tout wa yo, dapre prensip ki vle pou yo touye yo tankou yon ofrann pou Seyè a, jan Moyiz, sèvitè Seyè a, te kite lòd pou yo fè l' la.

moun Jida yo, yo moute al goumen. Seyè a lage moun Kanaran yo ak moun Ferezi yo nan men yo. Yo bat yon lame dimil sòlda nan lavil Bezèk.

Nou menm, bò pa nou, piga nou fè ankenn kontra ak moun k'ap viv nan peyi a. Se pou nou kraze tout lotèl yo. Men, nou pa fè sa m' te di nou fè a. Gade sa nou pito fè!

Bennadad di li: -M'ap renmèt ou tout lavil papa m' te pran nan men papa ou yo. Ou mèt louvri boutik nan lavil Damas pou vann, menm jan papa m' te fè l' lavil Samari. Akab reponn li: -Si se konsa, w'ap pase yon kontra avè m', mwen menm m'ap kite ou al fè wout ou. Akab pase yon kontra avèk Bennadad, lèfini li kite l' al fè wout li.