¶ Lè pèp la wè Moyiz te rete lontan sou mòn lan san li pa desann, yo sanble bò kote Arawon, yo di l' konsa: -Ann debouye nou fè lòt bondye ki pou mache devan nou, paske nonm yo rele Moyiz la ki te fè nou moute soti nan peyi Lejip la, nou pa konn sa ki rive l'.
TSK
TSK · Deuteronomy 9:1
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Men, moun ki rete nan peyi a gwonèg anpil. Lavil yo gran, yo byen pwoteje. Sa ki pi rèd nou wè yon kalite ras moun gwonèg bèl wotè.
Kote nou prale koulye a? Moun nou te voye yo dekouraje nou. Yo di nou moun ki nan peyi sa a pi fò pase nou, yo pi bèl wotè pase nou. Lavil yo gran anpil ak gwo ranpa byen wo ki rive jouk nan syèl la. Nou te menm wè kèk moun ras Anak yo la tou.
¶ Apre sa, Moyiz di pèp la: -Koulye a, nou menm pèp Izrayèl, se pou nou kenbe tout lòd ak tout prensip mwen te moutre nou yo. Se pou nou mache dapre lòd sa yo pou nou ka viv, pou nou ka antre nan peyi Seyè a, Bondye zansèt nou yo, ap ban nou an.
¶ Seyè a, Bondye nou an, pral fè nou antre nan peyi nou pral pran pou nou an. Li pral fè sèt nasyon ki gen plis moun pase nou, ki pi fò pase nou, kouri met deyò devan nou, ki vle di moun Et yo, moun Gigach yo, moun Amori yo, moun Kanaran yo, moun Perèz yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo.
Nou prèt pou nou janbe lòt bò larivyè Jouden an pou n' al pran pou nou peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou an. N'a pran peyi a pou nou, n'a rete ladan l'.
-Mache nan tout kan an. Bay pèp la lòd pou yo pare tout zafè yo, paske nan twa jou nou pral janbe lòt bò larivyè Jouden an pou nou antre nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou pou peyi pa nou.
Jozye pale ak prèt yo, li di yo: -Pran Bwat Kontra a, epi pran devan pèp la sou wout la. Prèt yo pran Bwat Kontra a, epi yo pran devan pèp la.
Dlo ki t'ap koule desann lan sispann koule. Li gonfle yon sèl bò, bò anwo byen lwen, jouk Adam, lavil ki te toupre Zaretan an. Pa t' gen dlo ki t'ap koule desann nan lanmè Mouri a ankò. Se konsa pèp la janbe lòt bò larivyè a toupre lavil Jeriko.
Jou pèp la te janbe lòt bò larivyè Jouden an, se te dizyèm jou nan premye mwa a. Y' al moute tant yo yon kote ki rele Gilgal, ki te sou bò solèy leve lavil Jeriko.
¶ Men, nou menm pèp mwen, se pou nou mwen te detwi moun Amori yo nèt, yon bann moun ki te wo tankou pye palmis, ki te gen kouraj tankou pye bwadchenn. Mwen koupe branch yo ra tè. Mwen dechouke rasin yo.