¶ Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa:
TSK
TSK · Deuteronomy 9:23
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Yo tout t'ap bougonnen sou Moyiz ak Arawon. Yo vin di yo konsa: -Pito nou te mouri nan peyi Lejip osinon nan dezè a!
Lè sa a, tout pèp la ranmase wòch pou yo kalonnen Jozye ak Kalèb. Men, lamenm pouvwa Bondye a parèt anwo Tant Randevou a, li fè tout pèp la wè l'.
¶ Apre sa, nou leve, nou kite mòn Orèb la. Jan Seyè a, Bondye nou an, te ban nou lòd la, nou mache nan tout gwo dezè ki gen anpil danje ladan l' lan, dezè nou te wè a, nou pran chemen pou n' al nan mòn peyi Amori yo, epi nou rive Kadès Banea.
Yo pa t' vle tande pale sou peyi kote pou yo jwenn tout bon bagay la paske yo pa t' kwè pawòl Bondye.
Lè Bondye te fè sèman sa a, kilès li t'ap pale? Li t'ap pale sou moun ki te chache kont ak li yo.