Job 33:30
TSK
pou l' pa kite yo mouri, pou l' ba yo lavi ak kè kontan.
TSK
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
pou l' pa kite yo mouri, pou l' ba yo lavi ak kè kontan.
Paske, se Seyè a ki tout defans mwen, se li menm k'ap pwoteje nou. L'ap ban nou favè li, l'ap fè yo respekte nou. Lè yon moun ap mennen yon vi ki san repwòch, Bondye p'ap janm refize l' okenn bon bagay.
¶ Gen yon bagay ni pòv la ni moun k'ap peze l' la gen ansanm: se Bondye ki bay ni yonn ni lòt je pou yo wè.
¶ Sa bon pou moun gen bon konprann. Se tankou si ou te gen anpil byen. Se yon gwo avantaj pou tout moun k'ap viv sou latè.
Se konsa n'a tounen pitit Papa nou ki nan syèl la. Paske, li fè solèy la leve ni pou moun ki mechan ni pou moun ki bon. Li fè lapli tonbe ni pou moun k'ap fè sa ki byen ni pou moun k'ap fè sa ki mal.