TSK

TSK · Ecclesiastes 2:11

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Bondye gade sa l' te fè a, li wè l' bon nèt. Yon lannwit pase, yon maten rive. Se te sizyèm jou a.

Yon moun te mèt pase tout lavi l' ap travay di, ap bay kò l' traka sou latè beni, kisa sa rapòte l'?

Mwen te soti pou m' te konnen diferans ki genyen ant moun ki gen konprann ak moun egare, ant moun ki gen konesans ak moun sòt. Men, la ankò, mwen wè anyen pa rapòte anyen.

Se ka yon moun lespri, se ka yon moun sòt. Pesonn pa konnen. Men, se pou li m'ap kite tou sa mwen te travay di fè ak lespri mwen. Sa a ankò, sa pa vo anyen.

Travay pèp yo ap fè a pral boule nan dife. Se pou gremesi nasyon yo ap fatige kò yo travay di. Se Seyè a menm k'ap fè sa rive konsa.

Bagay ki soti nan lemonn se egzijans lachè, se gwo tanta, se lògèy k'ap vire tèt moun lè yo gen anpil byen sou latè. Tou sa pa soti nan Papa a. Se nan lemonn sa soti.