TSK

TSK · Ecclesiastes 2:4

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Lè n'a fin manje plen vant nou, lè n'a fin bati bèl kay pou nou rete,

¶ Salomon te bati yon palè pou li menm tou. Li pran trèzan pou l' fini l'.

Pou rive bò fotèy la, se pou ou te moute sis mach eskalye. Dèyè fotèy la te gen pòtre yon gwo tèt towo. Sou kote manch yo sou chak bò, te gen pòtre yon lyon.

Se Chimeyi, moun lavil Rama, ki te reskonsab tout jaden rezen yo. Se Zabdi, moun lavil Chefam ki te reskonsab tout depo diven yo te fè ak rezen yo te ranmase nan jaden yo.

Li rebati lavil Balat, tout lavil kote li te fè depo pwovizyon, tout lavil kote yo te gade chwal li yo ansanm ak cha lagè yo. Li bati tou sa li te fè lide bati nan lavil Jerizalèm, nan peyi Liban ak nan tout lòt peyi ki te sou zòd li yo.

Li bati gwo fò tou won nan dezè a, li fouye gwo basen pou kenbe dlo paske li te gen anpil mouton ni nan plenn lan ni sou platon yo. Li te gen moun ap travay pou li nan jaden li yo, ak moun pou okipe jaden rezen l' yo nan mòn, paske li te renmen travay latè.

Salomon te gen yon jaden rezen yon kote yo rele Baal-Amon. Li bay kèk moun okipe l' pou li. Lè rekòt, yo chak pou te ba li mil pyès ajan.

li di konsa: -Gade jan lavil Babilòn lan vin gran non! Se mwen menm ki bati l' ak fòs kouraj mwen pou l' sèvi m' kapital peyi a, pou fè wè jan mwen gen pouvwa, jan mwen grannèg.