TSK

TSK · Ecclesiastes 4:16

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Antan Absalon t'ap ofri bèt pou Seyè a, li voye lavil Gilo al chache Achitofèl ki te yonn nan konseye David yo. Konplo a t'ap pran fòs. Patizan Absalon yo t'ap vin pi plis.

¶ Nan tou peyi Izrayèl la, moun t'ap diskite, yo t'ap di: -Wa David te delivre nou anba men lènmi nou yo. Li te sove nou anba men moun peyi Filisti yo. Men koulye a, li kouri kite peyi a poutèt Absalon.

Apre sa, yo tout t'ap mache dèyè li, yo tounen lavil Jerizalèm. Yo t'ap jwe fif, yo t'ap danse. Sitèlman yo t'ap fè bri ou ta di tè a t'ap tranble anba pye yo.

Mwen wè tou sa k'ap fèt sou latè. Anyen pa vo anyen! Anyen pa rapòte anyen.

¶ Se konsa lavi pa di m' anyen ankò. Tou sa mwen fè sou latè se traka li ban mwen. Paske anyen pa vo anyen, anyen pa rapòte anyen.