li al pale ak moun lavil yo, li di yo sa li gen lide fè. Yo koupe tèt Cheba, yo voye l' jete lòt bò miray la bay Joab. Joab fè kònen twonpèt la pou bay sòlda li yo siyal pou yo kite lavil la al fè wout yo lakay yo. Joab menm tounen lavil Jerizalèm al jwenn wa a.
TSK
TSK · Ecclesiastes 7:19
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
2 Samuel 20:22
TSK
Proverbs 21:22
TSK
¶ Yon nonm lespri ka pran yon lavil kote ki gen anpil grannèg. L'ap kraze fòs ki t'ap fè yo pa pè anyen an.
¶ Men yon lòt bagay mwen te wè ankò: Se yon bèl egzanp ki moutre sa bon konprann ka fè pou moun.
Mwen te toujou di: Konesans pi bon pase gwo kouraj, men yo meprize konesans moun ki pòv. Yo p'ap koute yo lè y'ap pale.
Colossians 1:9
TSK
¶ Se poutèt sa, mwen pa janm sispann lapriyè Bondye pou nou depi jou mwen te rive konn sa. Mwen mande Bondye pou l' fè nou rive fin konnen volonte l' nèt ale, pou l' ban nou anpil lespri ak anpil konprann ki soti nan Sentespri.