TSK

TSK · Ephesians 5:22

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Li di fanm lan. Lè w'ap fè pitit, m'ap fè soufrans ou vin pi rèd. Wa gen pou soufri anpil lè w'ap akouche. W'ap toujou anvi mari ou. Men, se mari ou ki va chèf ou.

Y'a pibliye lòd wa a nan tout gwo peyi ou la pou tout moun konnen. Lè sa a, mesye yo te mèt grannèg, yo te mèt ti nèg, madanm yo va gen respè pou yo.

Nou menm, medam yo, soumèt devan mari nou tankou nou soumèt devan Seyè a.

Se pou fanm yo rete san pale, avèk soumisyon, lè y'ap resevwa enstriksyon.

¶ Menm jan an tou, nou menm medam, soumèt devan mari nou. Konsa, si gen nan mari nou yo ki pa kwè nan Bondye, kondit nou kont pou fè yo kwè, san n' pa janm bezwen louvri bouch nou,