TSK

TSK · Esther 1:13

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Nan branch fanmi Zabilon an, senkantmil sòlda ki konn mache fè lagè avèk tout kalite zam, epi ki te soti pou ede David ak tout kè yo.

Li fè chache divinò, moun ki li zetwal, moun ki fè cham ak nèg save pou yo vin esplike wa a rèv li fè yo. Lè yo rive, yo kanpe devan wa a.

Danyèl reponn: -Monwa, pa gen nèg save, pa gen divinò, pa gen majisyen, ata moun ki konn li zetwal, ki ka fè ou konnen sa.

Li rele byen fò, li mande pou fè chache tout divinò, tout moun ki li zetwal ak tout nèg save ki rete lavil Babilòn yo. Lè yo vini, wa a di yo konsa: -Nenpòt moun ki ka li sa ki ekri la a, lèfini ki ka fè m' konnen sa li vle di, m'ap mete gwo manto wouj la sou li, m'ap pase yon chenn an lò nan kou l'. Apre sa, m'ap ba li twazyèm plas apre m' nan gouvènman m' lan.

Nou konn ki sans pou nou bay bagay k'ap pase nan syèl la. Poukisa, atò, nou pa konn ki sans pou nou bay bagay k'ap pase sou latè koulye a?