TSK

TSK · Esther 7:4

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Seyè a va fè nou tounen nan peyi Lejip nan bato, atout se li menm ki te pwomèt nou pa t'ap janm tounen la ankò. N' aval vann tèt nou bay lènmi nou yo pou nou sèvi yo esklav, men pesonn p'ap vle achte nou.

Ou mèt rete avè m'. Ou pa bezwen pè. Koulye a Sayil pral chache touye ni ou ni mwen. Bò kote m', anyen p'ap rive ou.

Si wa a ta vle, li ta bay lòd pou yo touye yo. Si wa a fè sa, m'ap ranmase twasanswasannkenz tòn ajan nan men anplwaye leta yo m'a mete nan kès wa a.

Madoche rakonte l' tou sa ki te rive l', ki jan Aman te pwomèt pou l' te bay anpil lajan pou mete nan kès wa a si wa a te dakò pou yo masakre tout jwif yo.

Mwen p'ap ka rete konsa pou m' wè malè sa a ap tonbe sou moun pèp mwen yo, pou m' wè y'ap touye tout fanmi m' yo.

Men, se poutèt ou tout tan yo soti pou touye nou. Yo gade nou tankou mouton y'ap pare pou labatwa.

Amos 2:6 TSK

Seyè a di konsa: Moun pèp Izrayèl yo ap plede fè peche sou peche san rete. Mwen fin pran desizyon m', mwen p'ap chanje lide. Yo pran moun serye ki pa ka peye dèt yo, yo vann yo tankou esklav. Yo pran pòv malere ki pa gen senk pou peye dèt yo, yo vann yo pou gremesi.