TSK

TSK · Esther 8:11

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Yo voye mesaje kouri pote piblikasyon an nan tout peyi ki anba kòmandman wa a. Piblikasyon an te bay lòd pou lè trèzyèm jou mwa Ada a va rive, yon sèl jou a pou yo te touye tout jwif yo, granmoun kou jennmoun, fanm kou timoun. Se pou yo te masakre yo san pitye, lèfini pou yo te piye tout byen yo.

Jwif yo tonbe sou tout lènmi yo ak kout nepe. Yo touye yo, yo masakre yo. Yo fè sa yo vle ak moun ki pa t' vle wè yo.

Nan katòzyèm jou moun Ada a, jwif lavil Souz yo reyini ankò epi yo touye twasan moun nan lavil la. Men, lè sa a tou, yo pa t' pran anyen nan zafè moun yo.

Mechan yo rale koulin yo, y'ap pare banza yo, pou yo touye pòv yo ak malere yo, pou ansasinen moun k'ap mache dwat yo.

Nou menm moun lavil Babilòn, yo gen pou yo fini ak nou yon lè. Benediksyon pou moun ki va fè ou sibi menm bagay ou te fè nou sibi a.

Mwen te voye l' kouri al atake yon nasyon ki derespekte m'. Mwen te ba li manda pou l' regle yon pèp ki te fè m' fache anpil, pou l' pase men pran tou sa yo genyen, pou l' piye yo, pou l' pilonnen yo anba pye l' tankou pousyè nan lari.