TSK

TSK · Esther 9:15

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Dapre sa ki te nan lèt yo, wa a te bay tout jwif yo pèmisyon pou yo te òganize yo nan chak lavil peyi a pou yo te ka defann tèt yo. Nenpòt moun lòt nasyon ki ta atake yo ak zam nan nenpòt pwovens, se pou yo koresponn ak yo, se pou yo masakre yo ansanm ak madanm yo ak pitit yo. Se pou yo touye yo nèt ale, lèfini pou yo pran tout byen yo.

Se te pitit gason Aman yo, pitit pitit Amedata a, moun ki pa t' vle wè jwif yo. Men, jwif yo pa t' pran anyen lakay moun yo.

Nan pwovens yo menm, jwif yo te òganize yo pou defann tèt yo. Yo fè lènmi yo ba yo lapè, yo touye swasannkenzmil moun ki pa t' vle wè yo. Men, yo menm tou yo pa t' pran anyen nan zafè moun yo.