Nan peyi a, se va yon sèl regleman pou tout moun, ni pou nou menm ni pou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo, yon sèl regleman pou tout tan, de pitit an pitit: Se va menm bagay la ni pou nou ni pou moun lòt nasyon yo devan Seyè a.
TSK
TSK · Esther 9:27
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Men, se pa avèk nou menm sèlman l'ap pase kontra li te fè nou sèmante pou n' kenbe a.
pou chak lanne medam pèp Izrayèl yo soti al pase kat jou ap kriye pou pitit fi Jefte, moun peyi Galarad la.
¶ Sou rèy wa David, vin gen yon gwo grangou pandan twazan yonn apre lòt. Lè sa a, David al mande Seyè a sa k'ap pase. Seyè a reponn li: -Se krim Sayil ak fanmi l' yo te fè ki lakòz grangou sa a, paske yo te sasinen moun lavil Gabawon yo.
Li voye di yo pou yo te toujou pran de jou sa yo, katòzyèm ak kenzyèm jou nan mwa Ada a, pou jou fèt chak lanne.
Anpil moun lòt nasyon va mache vini. Y'a di: -Ann ale sou mòn Seyè a! Ann al nan Tanp Bondye pèp Izrayèl la! L'a moutre nou jan li vle nou viv la. Konsa n'a mache nan chemen l'ap mete devan nou an. Paske, Seyè a rete sou mòn Siyon an, l'ap bay lòd li. Li rete lavil Jerizalèm, l'ap pale ak pèp li a.
Tout moun lòt nasyon ki va vin kole kò yo ansanm ak pèp Seyè a pou yo sèvi l', pou yo renmen l' tankou yon sèvitè, tout moun ki mete jou repo a apa san yo pa derespekte l' epi ki kenbe kontra m' lan fèm,
Lè sa a, anpil nasyon va vin jwenn Seyè a pou yo sèvi l'. Se pèp pa li menm y'ap ye. L'a vin rete nan mitan yo. Lè sa a, n'a konnen se Seyè ki gen tout pouvwa a ki te voye m' kote nou.