Seyè a di l'. Konnen sa byen: Pitit pitit ou yo pral viv tankou etranje nan yon peyi ki pa pou yo. Y'ap fè yo tounen esklav, y'ap peze yo pandan katsanzan.
TSK
TSK · Exodus 1:11
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Lè sa a, Moyiz te fin grandi. Yon jou, li soti pou l' al vizite moun pèp Izrayèl parèy li yo. Li wè jan yo t'ap fè yo travay di. Li wè yon moun peyi Lejip ki t'ap bimen yon ebre anba kou, yonn nan moun parèy li yo.
Wa Lejip la di Moyiz ak Arawon: -Poukisa nou vle fè pèp la kite travay li? Tounen nan travay nou!
¶ Lè sa a, fòmann yo ki te menm ras ak moun pèp Izrayèl yo t al plenyen bay farawon an. Yo di l': -Monwa, poukisa ou fè moun k'ap sèvi ou yo sa?
Ou konnen ki jan zansèt nou yo te desann al rete nan peyi Lejip pandan lontan, ki jan moun peyi sa a tonbe maltrete nou menm jan yo te maltrete zansèt nou yo.
Li rebati tout lavil kote yo te fè depo pwovizyon Salomon yo, lavil pou chwal li yo ak pou cha lagè li yo, ak tou sa li te vle bati ni lavil Jerizalèm, ni nan peyi Liban, ni nan tout lòt peyi ki te sou lòd li yo.
Lè nou rete kouche nan pak mouton yo zèl pijon an klere tankou ajan. Plimaj li jòn tankou lò.
Yo t'ap mache ale vini nan tout nasyon yo, yo t'ap soti nan yon peyi ale nan yon lòt.
Wi, depi nou te jenn, yo te fè nou pase kont mizè nou, men yo pa t' janm rive mete pye sou kou nou.