TSK

TSK · Exodus 10:16

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Pèp la vin jwenn Moyiz, yo di l' konsa: -Nou rekonèt nou fè sa ki mal lè nou pale kont Seyè a ak kont ou menm tou. Tanpri, lapriyè Seyè a pou nou pou l' fè sèpan sa yo ale. Moyiz lapriyè pou pèp la vre.

¶ Sayil reponn li: -Mwen peche, mwen pa fè sa Seyè a te ban m' lòd fè. Mwen pa t' koute pawòl ou te di m' lan. Se pè mwen te pè mesye m' yo kifè m' fè sa yo te vle fè a.

¶ Sayil reponn: -Sa m' fè a mal. Tounen non, David, pitit mwen. Mwen p'ap janm chache fè ou mal paske ou refize touye m' aswè a ankò. Wi, mwen te aji tankou moun fou, mwen te fè yon bagay ki pa bon menm.

¶ Lè David fin fè konte konbe moun ki gen nan peyi a, konsyans li konmanse repwoche l'. Li di Seyè a: -Lè m' fè sa m' fè a, mwen fè yon gwo peche. Tanpri, Seyè, padonnen m', se sèvitè ou mwen ye. Mwen te aji tankou moun fou.

Job 34:31 TSK

¶ Men, si yon mechan pale ak Bondye, si li di l': -Wi, mwen te fè sa ki mal. Mwen p'ap fè sa ankò.

Sa m' fè a mal. Se yon inonsan mwen lage nan men nou. Yo reponn li: Ki mele nou sa? Sa se zafè pa ou.