¶ Moyiz lonje men l' sou lanmè a. Seyè a fè yon gwo van nòde soufle byen fò pandan tout lannwit lan sou lanmè a. Li fè fon lanmè a tounen tè sèk, dlo a fann de bò.
TSK
TSK · Exodus 14:27
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Nou te wè kisa li te fè lame Lejip la ak tout chwal yo ak tout cha yo, ki jan li te fè dlo lanmè Wouj la kouvri yo, lè yo t'ap rapouswiv nou an. Seyè a te kraze yo nèt.
Zansèt nou yo rele nan pye m', mwen mete yon fènwa nan mitan yo ak moun peyi Lejip yo. Mwen fè lanmè a vini sou moun peyi Lejip yo, li kouvri yo. Nou te wè ak je nou sa mwen te fè moun peyi Lejip yo. Apre sa, nou pase anpil tan ap viv nan dezè a.
Li mennen yo san danje san malè. Yo pa t' bezwen pè anyen. Men, lanmè a te kouvri tout lènmi yo.
Se paske pitit Izrayèl yo te gen konfyans nan Bondye kifè yo te kapab pase nan mitan lanmè Wouj la tankou si yo t'ap mache sou tè sèk. Men, lè moun peyi Lejip yo vin seye fè menm bagay tou, lanmè a kouvri yo.