TSK

TSK · Exodus 17:9

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Seyè a mande l': -Kisa ou gen nan men ou la a? Moyiz reponn li: -Yon baton.

Jozye menm te bat Amalèk ak moun li yo byen bat, li touye yo anba kout nepe.

Moyiz leve ansanm ak Jozye, adjwen li a, yo moute sou mòn Bondye a.

Lè sa a Jozye, pitit gason Noun lan, ki te adjwen Moyiz nan tou sa l' t'ap fè depi li te jenn tibway, pran lapawòl, li pale ak Moyiz, li di l' konsa: -Msye Moyiz, fè yo sispann non!

Se te non douz mesye Moyiz te voye al rekonèt peyi Kanaran an. Moyiz te chanje non Oze, pitit gason Noun lan, li rele l' Jozye.

Se konsa, Moyiz pale ak pèp la, li di yo konsa: -Pare kèk gason nan mitan nou pou y' al goumen, pou yo mache pran moun Madyan yo, fè yo peye sa yo fè Seyè a.

¶ Se konsa, Jozye reyini tout sòlda pèp Izrayèl yo, li fè plan pou yo mache sou lavil Ayi. Jozye chwazi trantmil vanyan gason, li fè yo pati devan nan mitan lannwit.

Acts 7:45 TSK

Yo pase tant sa a bay grandèt nou yo ki te vin apre. Grandèt nou yo menm te pote l' avèk yo lè Jozye t'ap mennen yo pou yo pran peyi a nan men pèp Bondye t'ap chase met deyò devan yo. Tant la rete la jouk sou tan David.