W'ap fin kraze kouraj ou ansanm ak kouraj pèp la ki la avè ou. Paske chay la twòp pou ou. Ou pa ka pote l' pou kont ou.
TSK
TSK · Exodus 18:22
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Manman nonm lan te rele Chelomit. Se te pitit fi Dibri, yon moun nan branch fanmi Dann lan. Pandan yo t'ap joure a, nonm lan nonmen non Bondye mal. Nan koze a, li derespekte Bondye. Se konsa yo pran l' mennen bay Moyiz.
Moun ki te bare l' yo mennen l' bay Moyiz, Arawon ak tout moun pèp Izrayèl yo.
¶ Moun branch fanmi Galarad yo se desandan Maki yo ye. Maki sa a se te pitit Manase, yonn nan de pitit Jozèf yo. Chèf fanmi moun Galarad yo al jwenn Moyiz ak lòt chèf branch fanmi pèp Izrayèl la,
¶ Si yo ta mennen ban nou yon ka ki twò difisil pou nou jije, tankou ka yon moun ki touye yon lòt, osinon ka moun k'ap diskite pou defann dwa yo ak enterè yo, ou ankò lè yon moun resevwa yon move kou nan kò l', ou nenpòt lòt ka ki ta prezante devan nou nan lavil kote nou rete a epi ki twò difisil pou nou jije l' nou menm, n'a leve, n'a moute kote Seyè a, Bondye nou an, te chwazi pou yo fè sèvis pou li a,
Se poutèt sa tou, nou peye lajan kontribisyon yo, paske anplwaye leta yo se nan sèvis Bondye yo ye, se pou yo fè travay la byen.