W'a mete yon limit toutalantou mòn lan pou pèp la pa depase. W'a avèti yo pou yo pa moute sou mòn lan, ni pou pesonn pa menm pwoche bò pye mòn lan. Nenpòt moun ki va mete pye sou mòn lan, se pou yo touye l'.
TSK
TSK · Exodus 19:24
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Apre sa, Bondye di Moyiz: -Moute sou mòn lan bò kote m' ansanm ak Arawon, Nadab, Abiyou ak swasanndis nan chèf fanmi pèp Izrayèl la. N'a rete yon distans, n'a bese tèt nou jouk atè pou adore m'.
¶ Lè sa a, Moyiz di Arawon: -Men sa Seyè a t'ap di nou an wi lè l' te di: Moun k'ap sèvi m' fèt pou respekte m'. M'a fè pèp la konnen pouvwa mwen! Arawon pa di anyen.
Depi sou tan Jan Batis jouk jòdi a, Peyi Wa ki nan syèl la anba gwo goumen. Se moun ki konn goumen k'ap antre ladan l'.
Kòmandman Moyiz ak liv pwofèt yo te gen fòs lalwa jouk tan Jan Batis te rive. Men, depi lè sa a, se anonse y'ap anonse bon nouvèl peyi kote Bondye Wa a, se nan goumen pou moun antre ladan li.
Poukisa? Paske lalwa rale kòlè Bondye sou moun. Men, kote ki pa gen lalwa, moun pa ka dezobeyi lalwa.
Moun ki mete nan lide yo lalwa a ka sove yo, yo anba madichon. Men sa ki ekri nan Liv la: Madichon pou tout moun ki pa fè tou sa ki ekri nan Liv lalwa a tout tan.
Men, Liv la di: Tout bagay anba pouvwa peche a. Konsa, moun ki gen lafwa, se yo ki va resevwa kado Bondye te pwomèt yo, paske yo te mete konfyans yo nan Jezikri.
¶ Konsa, frè m' yo, gremesi san Kris la ki koule lè li mouri pou nou an, nou gen antre lib kote yo mete apa pou Bondye a.
Paske Bondye nou an se tankou yon dife k'ap detwi tout bagay.