TSK

TSK · Exodus 21:33

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Moun lòt nasyon yo fouye yon gwo twou: se yo menm ki tonbe ladan li. Yo tann yon pèlen: se pye yo ki pran ladan li.

¶ Lè yon moun chache pran tèt yon nonm serye pou fè l' fè sa ki mal, se li menm k'ap pran nan pèlen an. Men moun serye a va jwenn bon rekonpans.

Lè yon moun fè ou byen, èske se mal pou ou fè li? Yo fouye yon twou pou fè m' tonbe ladan l'. Chonje jan m' te kanpe devan ou pou m' te pale pou yo, pou m' te mande ou pa fè kòlè sou yo.