TSK

TSK · Exodus 22:17

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Abraram dakò ak sa Efwon di l' la. Li peze lajan an, li bay Efwon li devan tout moun Et yo. Wi, li ba li katsan pyès lò dapre jan kòmèsan yo te sèvi nan peyi a.

Si yon moun vire do ban mwen poul al konsilte moun k'ap rele mò nan tab tounant, osinon moun k'ap fè divinò, mwen p'ap okipe l' ankò, m'ap wete l' nan mitan pèp mwen an.

Piga pesonn nan nou pran pitit gason osinon pitit fi li pou li boule nan dife pou zidòl. Piga gen pesonn nan mitan nou k'ap fè divinò, k'ap etidye zetwal nan syèl la pou konnen sa ki gen pou rive, k'ap pran pwen, k'ap fè maji.

Epi Sayil di yo: -Men sa n'a di David: Wa a pa bezwen ou ba l' ankenn lajan pou ou marye ak pitit fi li a. Sèlman sa li ta renmen, se san po ti kòk moun Filisti. Konsa, l'a tire revanj sou lènmi li yo. Sayil te fè plan sa a pou David te ka tonbe nan men moun Filisti yo.