Exodus 12:8
TSK
Menm nwit sa a, n'a boukannen vyann lan. Apre sa, n'a manje l' avèk pen ki fèt san ledven epi ak fèy lanman.
TSK
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Menm nwit sa a, n'a boukannen vyann lan. Apre sa, n'a manje l' avèk pen ki fèt san ledven epi ak fèy lanman.
Pandan sèt jou, se pou nou manje pen ki fèt san ledven. Depi premye jou nan mwa a, n'a wete tout ledven anndan lakay nou, paske depi premye jou a, rive sou setyèm jou a, si yon moun gen malè manje pen ki gen ledven ladan l', se pou yo disparèt li nan mitan pèp Izrayèl la.
¶ Piga ou janm ofri bay Seyè a ofrann manje ki gen ledven ladan l'. Piga ou janm sèvi ni ak ledven, ni ak siwo myèl nan ofrann w'ap boule nan dife pou Seyè a.
Kanta vyann bèt la, se pou yo manje tout menm jou yo te touye l' la. Yo pa fèt pou yo kite anyen pou denmen maten.