¶ Bezaleyèl te fè Bwat Kontra a an bwa zakasya. Bwat la te mezire twa pye nèf pous longè, de pye twa pous lajè ak de pye twa pous wotè.
TSK
TSK · Exodus 25:10
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Exodus 37:1
TSK
Numbers 4:6
TSK
Y'a mete yon premye gwo nap an po bazann sou li, epi y'a kouvri l' ak yon dezyèm nap an twal ble. Apre sa, y'a pase manch pou pote bwat la nan gwo bag yo.
Deuteronomy 10:3
TSK
Se konsa, mwen fè yon bwat an bwa zakasya, mwen taye de wòch plat tankou de premye yo, epi mwen moute sou mòn lan ak wòch yo nan men m'.
Hebrews 9:4
TSK
Se la lotèl an lò a te ye ansanm ak Bwat kote yo te sere kontra a. Se sou lotèl la yo te konn boule lansan. Bwat la menm te kouvri nèt ak lò. Anndan l' yo te mete yon ti ja an lò tou ki te gen laman dezè a. Bò kote ti ja a, yo te mete baton Arawon an ki te fleri, ansanm ak de moso wòch plat kote yo te ekri pawòl kontra a.