W'a fè tant lan ak tout bagay ki pou ale ladan l', dapre modèl mwen pral ba ou a.
TSK
TSK · Exodus 25:40
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Lòtèl la va fèt an planch. Anndan li va rete tou vid. W'a fè l' dapre modèl mwen te moutre ou sou mòn lan.
Moyiz fè rele Bezaleyèl, Owoliyab ansanm ak tout lòt bòs atizan Bondye te bay ladrès ak konesans. Li fè rele tout moun ki te vle pou yo mete men nan travay la ak tout kè yo.
Men ki jan gwo lanp lan te fèt: tout kò a nèt te fèt ak pi bon lò ki genyen. Yo te fè depi pye gwo lanp lan jouk flè yo nan yon sèl gwo moso lò, dapre modèl Seyè a te fè Moyiz wè nan vizyon an.
¶ Apre sa, David bay Salomon plan tout kay tanp lan, plan tout chanm ak tout depo yo, plan tout lòt chanm sou anwo yo, chanm anndan yo ak plan gwo chanm yo mete apa pou Bondye a, kote yo fè sèvis pou mande padon pou peche yo.
Salomon fè fè dis gwo lanp sèt branch an lò, dapre jan pou yo te fè yo a. Li mete yo nan Tanp lan, senk sou bò gòch, senk sou bò dwat.
Nan gwo dezè a, zansèt nou yo te gen yon tant kote yo te fèmen de wòch plat lalwa yo. Yo te fè l' jan Bondye te mande Moyiz pou l' fè l' la, dapre modèl li te moutre Moyiz la.