bon twal koulè violèt, ble ak wouj, twal fen blan, twal fèt ak pwal kabrit,
TSK
TSK · Exodus 26:31
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ N'a fè tant kote pou Bondye rete a ak dis lèz twal fen blan tise byen sere, ansanm ak lenn koulè ble, violèt ak wouj. W'a fè yo bwode bèl pòtre zanj cheriben byen fèt sou tout twal la.
¶ W'a fè yon plastwon pou yo mete bagay y'a sèvi pou chache konnen sa Bondye vle. Se yon bon atis ki pou fè travay bodri a tankou pou jile a. W'a fè l' an lò ak twal siperyè koulè ble, violèt ak wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere.
Bwat kontra a ak manch li yo, kouvèti bwat la, ak rido pou kache bwat la,
Seyè a ba yo konesans ak ladrès pou yo ka fè tout kalite travay atizan ka fè, desen sou bwa, bon twal koulè ble, violèt ak wouj, twal fen blan. Wi, li ba yo ladrès pou yo ka fè tout metye, pou yo ka fè tout kalite bèl bagay.
¶ Yo fè rido a ak bon twal koulè ble, violèt epi wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere, avèk pòtre zanj cheriben bwode byen bèl sou tout kò l'.
W'a mete bwat ki gen ròch kontra a ladan l'. y'a kache bwat la ak rido a.
Seyè a di Moyiz konsa: -Pale ak Arawon, frè ou la, pou l' pa antre nenpòt kilè, nenpòt ki jan dèyè rido a nan kote ki apa pou mwen an, devan kouvèti espesyal ki sou Bwat Kontra a. Paske se la, sou kouvèti ki sou bwat kontra a, mwen parèt nan yon nwaj. Si li pa swiv lòd sa a, li ka mouri.
Lè lè a rive pou pèp la ranmase zafè yo pou yo deplase, Arawon ak pitit gason l' yo va antre nan kay Bondye a, y'a desann rido ki devan Bwat Kontra a, y'a kouvri bwat la ak li.
Li fè yo fè yon rido pou pyès ki apa nèt pou Seyè a ak twal ble, twal wouj, twal violèt. Li fè bwode pòtre zanj cheriben sou rido a tou.
¶ Ala bèl pye ou bèl nan sapat ou yo, nègès mwen! Ren ou tankou si li te dekore ak bon lò. Ou ta di travay yon bòs ki gen anpil ladrès ak gou!
Rido ki te nan tanp lan chire an de moso depi anwo jouk anba.
¶ Paske, se li menm k'ap fè nou byen yonn ak lòt, li fè moun lòt nasyon yo fè yon sèl pèp ansanm ak jwif yo. Avèk pwòp kò li, li kraze miray ki te separe yo epi ki te fè yo yonn lènmi lòt.
Kris la louvri yon chemen nèf pou nou, yon chemen k'ap ban nou lavi, yon chemen ki pase nan mitan vwal la, sa vle di: nan kò l' menm.