TSK

TSK · Exodus 28:34

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Ala bon sa bon lè yon pèp gen kè kontan, lè l'ap viv yon jan ki fè ou plezi!

Po bouch ou, ou ta di yon bèl ti riban wouj. Se bèl plezi pou tande w'ap pale! De bò figi ou yo ou ta di de bò grenad anba vwal ou a.

Mwen ta mennen ou lakay manman m', mwen ta fè ou antre. Ou ta moutre m' sa pou m' fè. M' ta ba ou diven melanje ak fèy santi bon ak ji grenad mwen yo pou ou bwè.

Se pa nou ki chwazi m', se mwen menm ki chwazi nou, ki mete nou apa pou n' ale, pou n' ka donnen, pou donn nou ka konsève. Konsa, Papa a va ban nou nenpòt kisa n'a mande nan non mwen.

Konsa, n'a viv jan Bondye vle l' la, n'a toujou fè sa ki fè l' plezi. N'a fè tout kalite bon bagay, n'a grandi nan konesans Bondye.