N'a manje l' yon kote ki apa pou Seyè a. Wi, se pòsyon sa a ki pou ou ansanm ak pitit ou yo nan ofrann yo fè pou boule pou Seyè a. Se sa Seyè a te ban m' lòd fè.
TSK
TSK · Exodus 29:33
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Depi yon moun pa fè pati fanmi prèt yo, li te mèt yon moun ki rete lakay yon prèt osinon yon moun k'ap travay pou lajan l' lakay prèt la, li pa gen dwa manje nan ofrann yo mete apa pou Bondye yo.
Lè pou Tant Bondye a deplase, se moun fanmi Levi yo ki va demoute l'. Lè yo rive kote pou yo rete a, se moun fanmi Levi yo ki va moute l' tou. Nenpòt lòt moun ki pa nan branch fanmi Levi a epi ki ta pwoche bò tant lan, se pou yo touye l'.
Moyiz, Arawon ak pitit gason l' yo te moute kay pa yo devan Tant Randevou a, sou bò lès. Se yo ki te reskonsab pou fè sèvis nan kote ki apa nèt pou Bondye a pou pèp Izrayèl la. Tout lòt moun ki ta konprann pou yo fè travay prèt yo, se pou yo touye yo.
pou sa sèvi yon avètisman pou moun pèp Izrayèl yo, pou yo konnen moun ki pa fè pati fanmi Arawon an pa gen dwa pwoche devan lotèl Seyè a pou boule lansan. Si yo fè sa, sa ki rive Kore ak moun li yo, se sa k'ap rive moun sa yo tou. Tou sa pase konsa vre dapre lòd Seyè a te bay Moyiz pou Eleaza.
Men, se ou menm sèl ak pitit gason ou yo ki pou fè travay prèt yo bò lotèl la ak dèyè rido a. Sa se travay pa nou sa. Mwen ban nou pouvwa pou nou sèvi m' prèt. Se yon kado mwen fè nou. Se pou yo touye nenpòt lòt moun ki va pwoche bò bagay yo mete apa pou mwen yo.
Jezi di yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: si nou pa manje kò Moun Bondye voye nan lachè a, si nou pa bwè san li, nou p'ap gen lavi nan nou.
Se konsa, chak fwa n'ap manje pen sa a, chak fwa n'ap bwè nan gode sa a, se lanmò Kris la n'ap anonse jouk jou Seyè a gen pou l' vini an.