TSK

TSK · Exodus 29:38

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Li mete ofrann grenn jaden yo devan Seyè a. Li pran yon ponyen farin, li boule l' sou lotèl la, anplis ofrann ki t'ap boule depi maten an.

Chak maten, chak aswè, se yo ki pou boule bèt yo ofri bay Seyè a nèt sou lotèl ki fèt pou sa a, dapre sa ki ekri nan lalwa Seyè a te bay pèp Izrayèl la.

Mwen pral bati yon tanp pou Seyè a, Bondye mwen an. Se pral yon kay n'ap mete apa pou li, kote n'a boule lansan pou li, kote n'a toujou mete devan l' pen y'ap ofri l' yo, kote chak maten chak aswè y'a ofri bèt pou yo boule nèt pou li lè jou repo yo, lè lalin nouvèl, ak lè lòt fèt nou fete pou Seyè a, Bondye nou an, jan li te bay pou yo toujou fè l' nan peyi Izrayèl.

Yo kondannen tout pòt nan Tanp lan, yo kite lanp yo mouri, yo sispann boule lansan, yo sispann boule bèt nan Tanp lan pou Bondye pèp Izrayèl la.

Ezra 3:3 TSK

Atout yo te pè lòt moun yo ki t'ap viv nan peyi a, yo rebati lotèl la menm kote li te ye anvan an. Epi yo tanmen boule bèt sou li pou Seyè a, chak maten ak chak aswè.

Seyè a di ankò: -Chak maten, se pou yo ofri yon ti mouton ennan san ankenn enfimite pou yo boule nèt pou Seyè a. Se pou yo fè ofrann sa a chak jou.

Wi, mwen t'ap pale toujou nan lapriyè a, lè Gabriyèl, zanj mwen te wè nan premye vizyon an, vole desann kote mwen te ye a. Se lè yo te konn fè ofrann bèt aswè a.

Si ou konte depi lè yo va aboli ofrann bèt ki pou fèt chak jou a, pou yo mete bagay nou pa ta renmen wè a, bagay k'ap bay gwo lapenn lan, kanpe nan Tanp lan, w'ap jwenn mil desankatrevendis jou ki gen pou pase.

Li pa tankou lòt granprèt yo. Li pa bezwen ap ofri chak jou yon bann bèt pou yo touye pou peche pa l' yo anvan, epi pou peche pèp la apre sa. Li pa nan sa li menm. Li fè yon sèl ofrann fini ak sa lè li te ofri tèt li a.

Yo t'ap chante yon kantik tou nèf ki pati konsa: Wi, ou merite vre, ou kapab pran Liv la pou kase sele yo, paske yo te touye ou. Se konsa ou bay san ou pou achte yon bann moun pou Bondye, moun tout ras, tout lang, tout pèp, tout nasyon.