TSK

TSK · Exodus 31:18

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Majisyen yo di farawon an: -Sa se travay Bondye. Men farawon an t'ap fè tèt di toujou. Li pa t' vle koute Moyiz ak Arawon, tankou Seyè a te di a.

Moyiz antre nan mitan nwaj la, li moute sou mòn lan. Moyiz pase karant jou ak karant nwit sou mòn lan.

Se Bondye menm ki te travay ròch plat sa yo. Se li menm tou ki te ekri sou yo ak pròp men li. Se li ki te grave tout lèt ki ekri sou ròch yo.

¶ Moyiz te rete la avèk Seyè a pandan karant jou karant nwit. Li pase tout jou sa yo san manje san bwè. Li te ekri tout pawòl kontra a sou ròch plat yo. Se te dis kòmandman yo.

Men pawòl Seyè a te di nou lè nou tout nou te sanble sou mòn lan. Li te rete nan mitan dife a, anndan gwo nwaj nwa a, li pale byen fò ak nou. Li pa di anyen ankò apre sa. Li ekri kòmandman sa yo sou de wòch plat, epi li ban mwen yo.

Se lè sa a Seyè a te ban mwen de wòch plat yo. Se sou yo li te ekri avèk pwòp men l' tou sa li di nou, antan li te nan mitan gwo dife a, jou nou tout te reyini nan pye mòn lan.

Seyè a make sou wòch yo dis pawòl li te ekri premye fwa a, dis kòmandman Seyè a te ban nou antan li te nan mitan dife a, jou nou tout nou te reyini nan pye mòn lan. Apre sa li ban mwen yo.

Men, si se avek Lespri Bondye m'ap chase move lespri yo, sa vle di pouvwa Gouvènman Bondye ki wa a gen tan rive sou nou.

Wi, se bagay ki klè, nou menm moun Korent, nou se yon lèt Kris la menm te ekri ban m' pote. Li pa t' ekri l' ak lank, sou moso wòch plat, men sou kè moun ak Lespri Bondye ki vivan an.