TSK

TSK · Exodus 38:20

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Klou yo te sèvi yo te fèt an lò tou. Yo chak te peze senksan gram. Yo kouvri tout miray anndan pyès anwo yo tou ak lò.

Pawòl moun ki gen konprann tankou baton yo sèvi pou djige bèf kabwa. Liv pwovèb yo tankou yon seri klou yo kloure yonn kot lòt. Men se yon sèl mèt ki bay yo, se Bondye.

Voye je ou gade lavil Siyon, kote nou fè gwo fèt nou yo! Gade lavil Jerizalèm! Yon bon kote pou moun rete san kè sote. L'ap tankou yon tant yo p'ap janm demoute, pikèt li yo p'ap janm rache, kòd li yo p'ap janm kase.

Moun konsa p'ap viv ansanm ak Kris la ki tèt kò a. Se Kris la k'ap nouri tout kò a, k'ap kenbe l' byen kanpe ak tout jwenti l' ak tout venn li yo byen solid. Se li menm k'ap fè l' grandi jan Bondye vle l' la.