TSK

TSK · Exodus 6:2

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Bondye di Moyiz ankò: -Men sa pou di moun pèp Izrayèl yo. Seyè a, Bondye zansèt nou yo, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak la, Bondye Jakòb la, voye m' bò kote nou. Wi, se konsa mwen rele. Se konsa y'ap toujou rele m' sou latè de tit an tit.

Apre sa, m'ap mennen nou tounen nan peyi mwen te sèmante m'ap bay Abraram, Izarak ak Jakòb la. Se mwen menm Seyè a k'ap ban nou peyi sa a pou l' rele nou chèmèt.

¶ Tout moun pèp Izrayèl yo pati, yo kite dezè Sin lan, dapre lòd Seyè a te ba yo. Yo fè wout la moso pa moso, jouk yo rive Refidim kote yo moute tant yo. Men, pa t' gen dlo la pou pèp la te bwè.

Se mwen menm ki Seyè a, se konsa yo rele m'. Mwen p'ap bay yon lòt bondye pouvwa mwen an. Mwen p'ap kite yo bay zidòl yo lwanj ki pou mwen an.

Se mwen menm Seyè a, Bondye pa nou an, ki yon Bondye apa. Se mwen menm ki te kreye pèp Izrayèl la. Se mwen menm ki wa nou!

Men si yon moun vle fè grandizè, l'a fè grandizè dèske li konnen m', dèske li konprann mwen. Paske mwen gen bon kè, Mwen fè sa ki dwat ak sa ki kòrèk sou latè. Se bagay sa yo ki fè m' plezi. Se mwen Seyè a ki di sa.

Bondye ki fè lemonn antye ak tou sa ki ladan l', se li menm ki Mèt syèl la ak tè a. Li pa rete nan kay moun bati ak men yo.