TSK

TSK · Exodus 6:20

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Madanm li vin ansent, li fè yon pitit gason. Lè li wè jan ti pitit la te bèl, li kache l' pandan twa mwa.

Men pitit Keyat yo: Amram, Jizeya, Ebwon ak Ouzyèl. Keyat te viv antou santranntwazan.

Madan Amram te rele Yokebèd. Se te yon pitit fi Levi. Li te fèt nan peyi Lejip. Li te fè twa pitit pou Amram: Arawon, Moyiz ak Miryam, sè yo.

Amram te gen de pitit gason: Arawon ak Moyiz. Bondye te mete Arawon ak pitit li yo apa pou yo okipe pyès ki apa nèt pou Bondye a, pou boule lansan devan Seyè a, pou yo sèvi l', pou yo beni pèp la nan non li. Se te travay pa yo sa pou tout tan.