TSK

TSK · Exodus 9:2

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Apre sa, Moyiz ak Arawon ale bò kote farawon an. Yo di l' konsa: -Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye di ou: Kite pèp mwen an ale pou yo ka fè yon fèt pou mwen nan dezè a.

¶ Seyè a di Moyiz konsa: -Leve granmaten, al parèt devan farawon an. W'a di l': Men sa Seyè a, Bondye pèp ebre a, voye di ou: Kite pèp mwen an ale pou yo ka al fè sèvis pou mwen.

¶ Men tou, si nou pa koute m', si nou pa vle fè tou sa m' mande nou fè la a, m'ap peni nou.

Epi, si apre tou sa toujou, nou pa koute m', n'ap kenbe tèt avè m' toujou,

Bondye gen pou l' kraze tèt lènmi li yo. Wi, li gen pou l' kraze zo bwa tèt moun k'ap viv nan peche.

Men, moun k'ap kenbe tèt ak Bondye, k'ap refize asepte verite a pou fè sa ki pa bon, moun sa yo, yo fè Bondye fache. Kòlè l' va tonbe sou yo.

Yon gwo chalè t'ap boule moun. Moun menm pran joure Bondye ki te gen pouvwa sou tout kalamite sa yo. Men, atousa, yo te refize sispann fè peche pou yo te fè lwanj Bondye.