TSK

TSK · Exodus 9:23

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Lè pèp la tande bri loraj la ak son twonpèt la, lè yo wè kout zèklè sou kout zèklè, ak mòn lan ki t'ap pouse lafimen, yo tranble sitèlman yo te pè. Yo ret kanpe byen lwen.

Nou pa nan sezon lapli, pa vre? Nou nan sezon chechrès, sezon pou ranmase ble nan jaden nou? Bon! Mwen pral lapriyè Seyè a, li pral voye loraj ak lapli. Lè sa a, n'a konnen, n'a wè ki kalite gwo peche nou te fè devan Seyè a, lè nou te mande yon wa pou gouvènen nou.

Job 38:22 TSK

Eske ou janm rive kote yo fè depo lanèj lan? Ou janm wè depo lagrèl la?

Seyè a fè tande vwa li sou lanmè. Bondye ki gen pouvwa a fè loraj yo gwonde. Seyè a ap mache sou tout lanmè a.

Li touye pye rezen yo ak lagrèl, li touye pye sikomò yo ak fredi.

Li voye lagrèl tankou gravye. Ki moun ki ka sipòte fredi li voye?

Seyè a pral fè tout moun tande fòs vwa li, li pral fè yo santi fòs ponyèt li lè li move. Lè sa a, va gen flanm dife, van siklòn, gwo tanpèt, lapli ak tanpèt lagrèl.

¶ Premie zanj lan kònen klewon l' lan. Lagrèl, dife mele ak san tonbe sou latè. Yon tiè nan latè ak yon tiè nan piebwa yo boule ansanm ak tout zèb vèt yo.

De gwo grenn lagrèl ki pese san liv konsa soti nan sièl la tonbe sou moun. Moun menm t'ap joure Bondye poutèt kalamite lagrèl la, paske se te yon kalamite ki te terib anpil.