Seyè a pral depòte nou ansanm ak tout wa nou te mete alatèt nou, nan yon peyi etranje ni nou menm ni zansèt nou yo pa t' janm konnen. Lè n'a rive la, n'a sèvi zidòl fèt an bwa ak zidòl fèt ak wòch.
TSK
TSK · Ezekiel 20:32
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Nou te wè tout vye bagay yo t'ap fè, ak tout zidòl fèt an bwa, osinon ak wòch, osinon an ajan oswa an lò yo te gen lakay yo.
Seyè a detounen plan travay peyi yo, li anpeche pèp yo reyalize sa yo te gen lide fè.
¶ Yon moun te mèt fè tout kalite lide nan tèt li. Men, sa Seyè a vle a, se sa ki pou rive.
N'ap toujou fè sa nou te pwomèt fè a. N'ap ofri lansan ak diven bay Astate, larenn syèl la, jan nou te toujou fè l' jouk jòdi a, menm jan zansèt nou yo, wa nou yo ak chèf nou yo te konn fè l' nan lavil peyi Jida yo ak nan tout lari Jerizalèm. Lè sa a, nou te gen kont manje pou n' manje, tout zafè nou te mache byen. Nou pa t' gen pwoblèm.
¶ Depi Bondye Sèl Mèt la pale, se fini! Sa l' di se sak fèt.
Men sa Seyè sèl Mèt la voye di Gòg: Lè jou sa a va rive, lespri ou pral pran travay, ou pral fè move lide nan tèt ou.
¶ Se yon moso bwa y' al mande sa pou yo fè! Se yon bout bwa ki pou di yo sa yo bezwen konnen! Yo tankou yon fanm marye ki lage kò l' nan fè jennès, yo pèdi tèt yo. Y'ap kouri dèyè lòt bondye, y'ap twonpe Seyè a!
Malgre sa, rès moun sou latè yo, sa ki pa t' mouri anba kalamite sa yo, pa t' sispann adore Satan ak zidòl fèt an lò, an ajan, an bwonz, an wòch oswa an bwa, zidòl ki pa ka wè, ki pa ka tande, ki pa ka mache.