Fè mechan yo sispann fè move bagay. Tanpri, bay moun ki mache dwat yo fòs. Ou se yon Bondye ki pa nan patipri: Ou konnen tout lide moun gen nan tèt yo ak tout santiman ki nan kè yo.
TSK
TSK · Ezekiel 21:25
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Egzaminen miray lavil la byen egzaminen. Vizite tout pòs faksyonnè yo, pou nou kapab fè pitit pitit nou yo konnen
¶ Men sa Seyè a di sou moun peyi Amon yo: -Gen lè pa gen gason ankò nan peyi Izrayèl la? Pa gen moun pou defann tè zansèt yo a? Poukisa yo kite se moun k'ap sèvi Milkòm yo ki pran pòsyon tè fanmi Gad la pou yo? Poukisa se moun Amon yo ki rete nan lavil yo?
Nou menm ki rete nan peyi ki gen anpil rivyè a, nou menm ki gen anpil richès, men nou rive mezi bout nou! Nou fè kont nou koulye a.
Lè a fin rive! Nou pa lwen fini nèt! Dènye jou nou yo pa lwen rive.
Vizyon nou t'ap fè yo pa bon vizyon. Sa yo te di ki gen pou rive a p'ap rive. Nou menm mechan, nou menm malveyan, jou pa nou an, jou pou yo ban nou dènye chatiman nou an ap vini. Nepe a pral tonbe sou nou.
Jou a ap pwoche. Wi, dat pou Seyè a aji a ap pwoche vre. Jou sa a, syèl la ap fèmen. Se va yon jou malè pou nasyon yo.
Se poutèt sa, m'ap limen yon dife sou miray lavil Raba. L'a boule gwo kay yo ra tè. Se lè sa a w'a tande rèl moun k'ap goumen nan lagè yo, tankou bri van siklòn k'ap pase.