TSK

TSK · Ezekiel 3:27

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Yo gen tèt di, yo gen move santiman konsa nan kè yo. Men se bò kote moun sa yo m'ap voye ou pou di yo men sa mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, m' voye di yo.

M'ap fè tèt ou di pase wòch, l'ap di tankou wòch dyaman. Pa pè yo, pa tranble devan yo. Se yon move ras moun ki gen tèt di yo ye.

Mwen pral fè lang ou lou nan bouch ou. W'ap bèbè, ou p'ap ka avèti move ras moun tèt di sa yo.

-Nonm o! Se nan mitan yon move ras moun ki gen tèt di ou rete la a. Yo gen je, men yo pa wè anyen. Yo gen zòrèy, men yo pa tande anyen, paske se yon move ras moun wòklò ki gen tèt di yo ye.

Lè sa a, m'ap fè pèp Izrayèl la pran fòs. Ou menm menm, Ezekyèl, m'ap ba ou lizay lapawòl ankò pou tout moun ka tande ou. Konsa, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a.

Pou yo, ou pa anyen pase yon mizisyen ki gen bèl vwa, k'ap chante bèl ti chante swa, ki konn jwe mizik byen. Y'ap koute tou sa w'ap di yo, men yo p'ap fè sa ou di yo fè.

Apre sa, Jezi di yo: Si nou gen zòrèy pou n' tande, tande.

¶ Lapriyè pou mwen tou, pou Bondye ka mete pawòl nan bouch mwen lè m'a gen pou m' pale, pou m' ka pale avèk lasirans, pou moun ka rive konnen sekrè ki nan bon nouvèl la.