TSK

TSK · Ezekiel 36:3

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Nan tout peyi kote Seyè a pral gaye nou yo, moun pral sezi wè sa ki rive nou, y'a pase nou anba kont betiz, y'a fè chante sou nou.

Job 30:1 TSK

¶ Men koulye a, moun ki pi jenn pase m' yo ap pase m' nan rizib. Papa yo se moun mwen pa t' pran pou anyen, moun mwen pa ta menm mete ak chen m' pou gade mouton.

Pa kite yo di nan kè yo: -Wi! se sa menm nou te vle rive li! Pa kite yo di: -Nou fini avè l'!

¶ Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Se yon sòm David. Bondye, tande jan m'ap rele nan pye ou! Koute lè m'ap lapriyè ou!

Ou fè nasyon ki bò kote nou yo ap pase nou nan betiz. Wi, yo tout ap lonje dwèt sou nou, y'ap pase nou nan rizib.

Ann vale yo tou vivan, tankou simityè ki pa janm refize mò. Ann vale yo tout ankè tankou kadav y'ap antere.

Mwen pral mennen yon sèl malè sou yo. Tout lòt nasyon ki sou latè a pral tranble lè y'a wè sa. Moun pral pase yo nan betiz, yo pral rakonte istwa sou yo. Yo pral mete yo nan chante. Y'ap pran non yo pou sèvi jouman, pou bay madichon nan tout peyi kote mwen pral gaye yo.

¶ Nan dizyèm mwa, nevyèm lanne rèy Sedesyas, wa peyi Jida a, Nèbikadneza, wa Babilòn lan, vini ak tout lame li a, li atake lavil Jerizalèm. Li sènen li toupatou.

Nèbikadneza, wa peyi Babilòn lan, te devore lavil Jerizalèm, li manje l' nèt ale. Li kite peyi a vid tankou yon plat yo niche. Tankou yon gwo bèt lanmè, li vale m'. Li souse tout mwèl mwen. Lèfini, li voye rès la jete.

Bondye sèl Mèt la te san pitye, li devaste dènye jaden moun fanmi Jakòb yo. Li fè yon sèl kòlè, li kraze tout fò ki te pwoteje peyi Jida a. Li trennen gouvènman an ansanm ak tout chèf yo nan labou. Li fè yo wont.

Tout moun sou granchemen an ap rele chalbari dèyè ou. Y'ap lonje dwèt sou ou, y'ap pase lavil Jerizalèm nan rizib. Y'ap ri, y'ap di: -Men lavil yo t'ap di pa gen pi bèl pase l' la wi! Se lavil sa a wi ki te fè kè tout moun bat pou li a!

¶ Pwofèt yo ap woule pèp mwen an. Anyen p'ap mache nan peyi a. Yo menm menm, y'ap plede di tout bagay ap mache byen. Pèp la ap moute yon miray wòch san mòtye, pwofèt yo menm vini, yo blanchi l' ak dlo lacho.

Moun ki t'ap pase bò la a t'ap plede joure li. Yo t'ap fè siy sou li.