TSK

TSK · Ezekiel 39:8

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Depi nan konmansman, mwen te di jan sa pral ye. Depi davans mwen te fè nou konnen sa ki tapral rive. Mwen te di plan travay mwen gen pou rive fèt vre. M'ap fè tou sa mwen te vle fè a.

Men, lè sa ou di ki gen pou rive a rive vre, paske l'ap rive vre, se lè sa a y'a rekonèt te gen yon pwofèt nan mitan yo.

¶ Men nou menm, frè m' renmen anpil yo, gen yon bagay nou pa dwe janm bliye: Pou Bondye, yon jou se tankou mil an, milan se tankou yon jou.

Apre sa li di ankò: Bon. Tout bagay fin fèt. Mwen se A ak Z, mwen se konmansman, mwen se finisman. Si yon moun swaf dlo, m'a ba li bwè dlo gratis nan sous dlo ki bay lavi a.