Pale tout moun pèp Izrayèl la. Di yo: sou dizyèm jou mwa sa a, n'a pran yon ti mouton pou chak fanmi, tande byen wi, yon ti mouton pou chak kay.
TSK
TSK · Ezekiel 40:1
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
-Sou premye jou premye mwa a, w'a moute Tant Randevou a kote pou Bondye rete a.
¶ Nan dizyèm mwa, nevyèm lanne rèy Sedesyas, wa peyi Jida a, Nèbikadneza, wa Babilòn lan, vini ak tout lame li a, li atake lavil Jerizalèm. Li sènen li toupatou.
Wa Jojakin te gen senkan depi yo te depòte l'.
Lespri a te leve m' anlè, li pote m' ale. Pouvwa Seyè a te vin chita sou mwen avèk fòs. Men, mwen te boulvèse, kè m' te sere.
¶ Nan senkyèm jou sizyèm mwa nan sizyèm lanne depi yo te depòte pèp la, mwen te chita lakay mwen ansanm ak chèf pèp Jida yo ki te reyini lakay mwen. Mwen rete konsa mwen santi pouvwa Seyè a, Bondye Sèl Mèt la, desann sou mwen.
¶ Nan premye jou nan premye mwa, vennsetyèm lanne depi yo te depòte nou an, Seyè a pale avè m', li di m' konsa:
¶ Nan kenzyèm jou premye mwa douzyèm lanne depi yo te depòte nou an, Seyè a pale avè m' ankò. Li di m' konsa:
¶ Mwen santi pouvwa Seyè a sou mwen ankò. Lespri Bondye a pran m', li mennen m' nan yon fon ki te plen zosman.