TSK

TSK · Ezekiel 45:1

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Moyiz bay moun Izrayèl yo lòd sa yo: -Men peyi nou pral separe yonn ak lòt la. Nou pral tire osò pou fè sa. Men peyi Seyè a bay pou nèf branch fanmi ak mwatye yon branch fanmi nan pèp Izrayèl la.

¶ Men tè yo te separe bay moun pèp Izrayèl yo. Se Eleaza, prèt la, ak Jozye, pitit gason Noun lan, ansanm ak tout chèf fanmi nan tout branch pèp Izrayèl yo ki te bay chak fanmi pòsyon pa yo.

Seyè, se ou menm ki tout byen mwen. Se ou ki ban m' tou sa m' merite. Lavi m' nan men ou.

Sou pòsyon tè sa a va gen yon anplasman kare kare pou Tanp lan. L'a gen witsankarant pye chak bò, ak yon espas katrevenkat pye lajè k'ap rete vid san anyen sou li toutotou anplasman an.

N'a separe peyi a bay chak moun sa ki vin pou yo. Moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou epi ki gen pitit ki fèt la va resevwa moso tè pa yo tou lè n'ap separe peyi a. Se pou nou konsidere yo tankou nenpòt moun pèp Izrayèl k'ap viv nan peyi a. Y'a tire osò pou pòsyon ki pou vin pou yo nan peyi a ansanm ak moun branch fanmi pèp Izrayèl yo.

Seyè sèl Mèt la di: -Men peyi nou pral separe an pòsyon pou nou bay chak branch fanmi pèp Izrayèl la pa yo.